Mythe(lejann) ou realité : aliman (manje) rouj bon pou anemi
Mythe(lejann) ou realité : aliman (manje) rouj bon pou anemi Bonjou bonswa tout moun!!! Se EMG ki pote ti infòmasyon sou la sante pou ou. Jodya sijè nou genyen : eske manje ak bwason rouj bon pou anemi (bay san) tout bon vre. Sa ka rive nou konn tande yon fanmi nou oubyen yon vwazin yon vwazin sou katye a ki ap konseye yon lòt moun ki anemi manje bètrav pou yo ka gen san. Oubyen ou konn wè on moun kap bwè divin rouj li diw li anemi se poul ka gen san. Eske se tout bon vre manje ak bwason ki rouj bon pou san? Nou pral gade sa ansanm. Men avan ki sa san an ye? Ki sa ki ladanl e ki ròl li? Kibò san an fòme e kòman sa fèt? San an se yon likid koulè rouj ki nan kò a, kò a gen anviron 5 a 6 lit nan likid sa. Lè yon moun blese nou kapab wè li. Ou jwenn nan san an yon pakèt bann ti bagay yo rele globil rouj, globil blan ak plakèt ki nan yon likid yo rele plasma. Chak ti bagay sa yo jwe on rôle nan san an -globil rouj yo la pou transpòte oksijèn 02 ak gaz kabonik e se yo menm tou ki bay ...