Mythe(lejann) ou realité : aliman (manje) rouj bon pou anemi

 
Mythe(lejann) ou realité : aliman (manje) rouj bon pou anemi
Bonjou bonswa tout moun!!!
Se EMG ki pote ti infòmasyon sou la sante pou ou.
Jodya sijè nou genyen : eske manje ak bwason rouj bon pou anemi (bay san) tout bon vre.
Sa ka rive nou konn tande yon fanmi nou oubyen yon vwazin yon vwazin sou katye a ki ap konseye yon lòt moun ki anemi manje bètrav pou yo ka gen san. Oubyen ou konn wè on moun kap bwè divin rouj li diw li anemi se poul ka gen san. Eske se tout bon vre manje ak bwason ki rouj bon pou san? Nou pral gade sa ansanm.
Men avan ki sa san an ye?
Ki sa ki ladanl e ki ròl li?
Kibò san an fòme e kòman sa fèt?
San an se yon likid koulè rouj ki nan kò a, kò a gen anviron 5 a 6 lit nan likid sa. Lè yon moun blese nou kapab wè li.
Ou jwenn nan san an yon pakèt bann ti bagay yo rele globil rouj, globil blan ak plakèt ki nan yon likid yo rele plasma.
Chak ti bagay sa yo jwe on rôle nan san an -globil rouj yo la pou transpòte oksijèn 02 ak gaz kabonik e se yo menm tou ki bay san an koulè rouj la
-globil blan yo la pou defann kò a konbat kont mikròb, vye jèm ak kò etranje ki antre nan kò a -plakèt yo la pou kanpe kote kap senyen nan kò a lè nou blese
-Plasma a li menm se likid ki gen tout sa ki la ki pral nouri kò a, dechè ki pa bon ki pral elimine nan pipi, ak yon bagay yo rele faktè koagilasyon ki ede plakèt yo fè travay kanpe kote kap senyen nan kò a lè nou blese.
Donk tout sa nou sot wè la yo fè pati de ròl san an.
San an fòme nan mwèl rouj ki nan zo nou yo, espesyalman nan zo plat senti ou basin nou ak nan zo plat pwatrin nou ke nou gen tandans rele lestomak oubyen biskèt. Lè sa ap fèt se selil ki nan mwèl rouj la ki divize pou bay globil rouj, globil blan ak plakèt yo epi likid nap konsome ak eleman ki nan manje nou konsome yo plis lòt eleman kò a fabrike pou tèt li pral fòme plasma a. Tout bagay sa yo bay nouvo san ki fòme a.
Men pou globil rouj yo fòme gen 3 bagay ki nesesè anpil anpil se Fè, vitamine B9, vitamine B12, lè kò a manke bagay sa yo li pa prodwi ase globil rouj nòmal e diminisyon kantite globil rouj nòmal yo se li ki koz anemi a. 
Pou konbat anemi yon moun bezwen konsome manje ki gen anpil Fè, vitamine B9, vitamine B12. Kidonk mesye dam se pa koulè on manje ak on bwason sil rouj oubyen sil pa rouj ki ap di sil bon pou anemi sil bay san, men se pito kantite Fè, vitamine B9, vitamine B12 ki ladanl ki ap di nou sa.
Bètrav ka edew konbat anemi paskel gen Fè ladanl men se pa paskel gen koulè rouj ki fèl bay san paske chaje lòt manje ki pa rouj men ki chaje Fè ladan yo plis toujou ke bètrav.
Donk ou menm ki bezwen konbat anemi konsome manje ki gen anpil Fè ladan yo.
 
Ou ta renmen konnen ki manje ki gen anpil Fè ki ka edew konbat anemi.
Ou vle konn plis bagay sou zafè lasante ebyen abone ak page Facebook nou ki se Emanuel Medical Group EMG ew ka swiv nou sou Youtube, Instagram, tiktok pou plis toujou.
Pa ezite kòmante fè nou pa de kesyon ak sijesyonw yo
Se te Dr Marc Rosimbert Fleuristin pou EMG Santew se priyoriten.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Mythe ou realité depi tansyon jete yon moun yo diw pa manyenl pou li pa perdu bò an. Pou li pa paralize...